Lapolis voye nan letènite 3 bandi moto nan Okap Ayisyen

218
0
Share:
TRiboLAND

Kap Ayisyen____(TRiboLAND Yon foul moun tout kalite anviwonnen kadav 3 bandi moto kap benyen nan san yo nan Ri 6 avèk 7 apwè midi Madi 28 Avwil la nan Okap Ayisyen nan depatman Nò peyi a.

Bandi yon ki te sou bennzenk yo sou Boulva Kap Ayisyen an tap trese lèl, rale zam pou fè resèt sou moun e pi leve kouri depi nan Ri 18 e kandale desann nan Ri 26 boulva pou twonpe fijilans Lapolis yo ki te kontinye ap swiv yo.

Konsa, vanyan pa mouri vanyan! Lapolis ak ladrès pwofesyonèl li, te arive desann twa bandi moto sa yo atè nan Ri 6 e 7.

Anpil gwo bwavo pat sispann bat pou fòs lòd yok e popilasyon estime ki ap batay chak jou ak bandi kap rann lavi mounn ensupòtab chak jou.

Share:

Leave a reply