Yon gwoudou gwoudou sekwe Punta Cana nan Repiblik Dominikènn

258
0
Share:
TRiboLAND

Punta Cana/Repiblik Dominikènn___(TRiboLAND) Yon gwoudou gwoudou ak yon magnitid 4.5 sou echèl Ritcher sekwe vil Punta Cana nan Repiblik Dominikènn ayè Lendi 3 Fevwiye 2020 an dapwè jounal Listin Diaro.

Sakad sismik sa ki te okazyone anpil panik nan mitan abitan yo te pozisyone li an fas Uvero Alto ki se episant gwoudou gwoudou a ki apwè tap miltipliye replik.  

Aktivite late tranble pa sispann miltipliye nan peyi panyòl la depi kèk tan. Ekspè yo arive anrejistre plis pase yon swasantènn seism nan yon mwa.

Share:

Leave a reply