Ayiti/Kòripsyon: Pwezidan Sena Repiblik la nan mitan yon lòt rivyè eskandal tikè avyon

Pòtopwens__(TRiboLAND) Otorite ayisyènn pa sispann fè gagotaj ak lajan leta malgre ke gen anpil nan yo ki deja gen men yo ki tranpe nan kòripsyon ra gagann.
Rezo sosyàl yo pa sispann denonse Pwezidan swadizan Sena repiblik la, Carl Murat Cantave ki retounen pou lapli bèl; tanto se kontwovès pou kontinye fè gagòt ak kès leta nan zafè lwe otèl pou ebèje Sena a, oubyen biyè avyon pou ale boloze nan peyi Angletè ansanm avèk konseye politik li, Roody Chatelier.
Apwè tout sa ki sot pase la; tout moun wè kò mafya yo ap retounen pou lapli bèl. Fwa sa you retounen vinn dekrase. Kòman yon moun kapab konpwan eta espwi otorite sa yo ki kontinye ap angaje yo nan yon seri eskandal kap revòlte popilasyon ayisyènn nan.
Peye 2 tikè avyon ki koute plis pase 1 milyon 636 mil 540 goud lesko ak yon latriye vye frè rakèt, se revòltan e yon lòt fwa ankò se yon pwèv ki montre responsab kriminèl sa yo pa gen volonte pou divòse ak sistèm kòripsyon an; konsa, yo vinn pi egri pou anglouti peyi-a ak tout moun ki ladan-l.
Anpil moun ki reyaji sou rezo sosyàl yo, deklare ke se tout afè nòmal pou yo afiche yon konpòtman parèy, paske yon gen jij ki plase nan sistèm pou lave e netwoye krim finansyè yo. Se reyèlman yon kochma, pou evalyasyon 5 pèsonèl diplomatic anbasad peyi Dayiti nan Lond koute tout kòb sa! Nan yon peyi kote otorite yo pa menm ka jere fatra, bay moun dlo ak elektrisite; san nou pa bliye twal gaz lopital ak yon polis nasyonal kap vann sekirite nan aktivite backup nan vann jounen, sa reyèlman bay kè plen!
Mete sous a, yon makònn depite ap pwan wout Paris pou yo vè 18 jiska 26 Desanm yon fason pou yo ale wè limyè Pè Nowèl e gaspiye oubyen boule dola sou do bèf la. Kidonk, pap janm gen espwa pou Ayiti si kalite krim ak ensanite manyak sa yo pa eradike oubyen trete e sèvi ekzanp sou yon plas piblik, dapwè divès sitwayen ayisyen ki tap reyaji sou eskandal vwayaj nan peyi Angletè-a atravè yon nòt ki te ale jwenn Kestè Sena-a nan dat 5 Desanm ki sot pase la!






