Sistem adisyon dlo potab Ansafolè a gen pwoblèm

Ansafolè__(TRiboLAND) Plis pase 8 mwa sistèm ki alimante vil Ansafolè a
andomaje. Nan zònn site Kalife; fè yo ki kondui dlo a twò ansyen e yo arive
pete. Konsa, sa lakoz anpil dlo ap gaspiye e dlo a paka rive nan destinasyon-l, swa nan robinè lakay abòne yo nan vil la. Kidonk, sa venn koz genyen yon mankman konsiderab dlo potab e moun yo ap fè fas kare ak gwo difikilte pou jwenn dlo pou yo bwè ak pou sèvi.
Nap sinyale “Toi le Référence Eau” ki se yon konpayi nan vil la ki ofri
sèvis nan vann dlo trete paka satisfè bezwen moun yo akoz pwoblèm peyi a; sitou akoz pagen gaz pou jeneratris yo ki se yon lòt pwoblèm popilasyon an ap konfwonte.
Responsab komite ki la pou jere kesyon dlo potab nan vil la, rapòte bay
TRiboLAND ke se materyèl pou leve pann rezo a ki kenbe yo ki fè pwoblèm nan de jou an jou ap anpire.
Victor Jn Era. TRiboLAND






