Manif Pòdpe-a te radmare, men li fini an leve kouri ak panik

151
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè__(TRiboLAND) Manif ki te pwevwa pou fèt anba lobedyans opozisyon demokratik la nan Pòdpè pat gen kote pou pike epeng; sependan fann ande e fini an leve kouri dapwè dènye repòtaj TRiboLAND yo.

Antouka, youn nan lidè opozisyon an, Mèt Andalasse Mertilus estime ke se pwemye fwa ke yo wè moun pwan lari konsa. Se yon veritab radmare dapwè lidè! Sepandan, byen konte mal kalkile; lòske manif lan tap pwan chè devan baz yon ti kwoup bò yon ponp gazoleen ki pwan Jovenel Moise kòm Mesi yo te tire anpil wòch ak tire sou manif lan ki te kreye latèrè ki abouti ak demantèlman sistematik manif lan.

Dapwè Mèt Andalasse, yo pwal chèche konnen ki lès moun ki enfilte ki ala baz dezòd la ki okazyone disfonksyonalite manif la. Yon lòt ipotèz, dapwè lidè-a se petèt moun ki tap selebwe depa Jovenel avèk kout zam anlè; yon sitiyasyon ke nou menm nan kowalisyon jije inasèptab.

Pandan leve kouri a, gen anpil moun ki tap blese avèk kout wòch oubyen katouch dapwè divès sous ki tap kouvwi manif la nan Pòdpè ki ta sanble fini an bèt volay jodi Vandredi 11 oktòb la!

Share:

Leave a reply