DYALÒG LA SE KLE!


Jeneralman, nan dyalòg tout bagay ka jwe. Pezidan Jovenel ka ale konsa tou li ka rete. Opozisyon an ka pèdi konsa tou li ka genyen. Tout moun ka soti genyen, men konsa tou yo tout ka pèdi. Tout batay bezwen medyasyon oubyen li kaba pou kont li ou byen yon abit vin met la pè. Kisa ki twofe a? Sa vle di nan bon kreyòl pou ki sa nap batay la? Pou enterè pèsonèl ou byen pou pèp ayisyen an? M ta sipoze se “PÈP AYISYEN AN”.
Si dyalòg la montre ke se ale a kap fè AYITI soti nan movèz gouvènans, nan kòripsyon nan kraze enstitisyon yo, nan afebli Leta a ak pwan chimen devlòpman mwen pou prezidan ale koulya menm. Men pou nou jwenn rezilta sa, fòk nou chita ak tèt nou byen fwèt, pou nou analize epi chwazi sa ki pi bon pou Ayiti a.
Pandan n ap fè tout sa, pa janm bliye nou pa ka dire trò lontan ankò. Nou pa gen jèvwenn pou nou al pi lwen non. Non, peyi a ajenou, tout moun pwan kou e pèsònn pa kapab ankò. Fòk gen yon jès ki fèt nan mitan tout aktè yo, paske tout moun gen responsabilite yo nan kote nou ye la. Pa gen pyès nan nou ki ka venn pran pòz nou bon.
Tout moun wè peyi a kòmanse degrengole depi apwè ane 1986 yo. Jwèt se jwèt kochèt pa ladan. Soti 6/7 jiyè 2018 rive jodi a fè 15 mwa depi nap gaspiye peyi a. Map pale ak ni pouvwa Prezidan Jovenel ap dirije a ni Opozisyon an. Nou gen yon devwa moral jounen jodi a pou nou gade si se pa sou konsyans nou 11 milyon moun ap jemi jounen jodi a; epi pou nou aksepte chita ansanm, voye jete anbisyon akapare pouvwa ak anbisyon konsève pouvwa pou nou sove peyi nou!
Tout gwo konfli nan mond lan se sou tab negosyasyon yo fini. Si nou pale ak etranje kise otè entèlèktyèl mizè nou, pou kisa nou pa ka pale youn ak lòt ki se viktim? Fòk lavi reprann, reprann yon fwa pou tout! Pou sa fèt, nou dwe siyen yon PAK poun GOUVÈNE site a pou lontan. Pap janm gen devlòpman nan yon peyi kote se enstabilite ki règ la.
Mwen ankouraje pati ki enplike nan kriz 15 mwa a, rive vit vit chita pou montre nou se moun (patriyòt) ki vle kite yon pi bon peyi : pou pitit nou ak pitit pitit nou. Fè yon jès ki montre nou konn fè konpwomi. Pi bon negosyasyon ki janm egziste se kote tout pati yo soti genyen. Mwen vle rete kwè, si Ayiti genyen, nou tout ap genyen! Opozisyon mande pou Jovenel ale koulya, tou swit san kondisyon eben lap jwenn yon ale mwye, pa tou swit ni san kondisyon.
Pouvwa a di 5 an, an nou di se sal ye selon konstitisyon an.
Ebyen jan Prezidan an toujou di oken sakrifis pa janm twò gran pou moun fè pou
peyi yo: li ka dakò koupe manda a epi fè eleksyon pou tout moun an Oktòb 2020.
Pandan yap monte yon gouvènman konsansis (tout sektè ladan) pou regle koze
teknik yo pou mennen yon tranzisyon espesyal pou rive nan yon lòt peyi, yon lòt
sistèm kap fè travay gouvènman kowalisyon laj la kap sanble tèt koupe ak travay
konferans nasyonal la ki dwe reyini ansyen an ak nouvo a.
Pwochen KEP kap fèt la kap fè travay nouvo gouvènman an, ta dwe mete baliz pou gen 3 gran tandans nan eleksyon yo. Si nou fè sa, nap evite nasyon an kontinye sal nan labou e okipasyon tout lasent jounen. Anba men menm etranje sa yo ki trè souvan pa inosan nan sa kap rive nou yo epi pwan chimen pwogrè, modènite ak devlopman.
Nasyon an tap kontan anpil poul wè Opozisyon an plis Ekip pouvwa a ki poste men nan kou, dlo nan je, melanje ak souri sou lèv kap siyen on pak “viv ansanm ak estabilite pou toutan gentan.” Nou tap fè tout ipokrit andan kon deyò sezi (moun andan ak moun deyò ki nan konplo a). An n fè yo Sezi … non! Opozisyon ak pouvwa sa nou panse? Aiyti ta genyen!! M tap chante yo sezi yo sezi!
Ala bèl sa ta pwal bèl si nan pwochen jou yo nou ta viv yon evènman konsa! Menm si nou pa tande gen anpil moun k ap swiv menm jan ak mwen, LORFILS wisly, M ap kòmanse mobilize tèt mwen ak anviwon m jouktan nou rive pote majorite ki fè silans lan manifeste kont nou tou le de (2) fwa sa. Ni pouvwa, ni Opozisyon pwal gen bagay nan men yo. Mwen menm ak majorite silansyèz la ap pwan lari pou nou mande nou ale kòm mechan kriminel, voryen, egoyis, e enkapab.
Nou pwal konsidere nou kòm politisyen, men jamè kòm Òm Deta; nap tounen yon
bann sendenden, atoufè aferis nan je nasyon an epi tout malè ak mizè nasyon an
ap tonbe sou do nou. E lè sa nou gen dwa pa menm jwenn refij ni andan ni deyò
peyi a. MAKE SA! Nou menm nan majorite ki pa pale a; nou ki pa pran lari a ou
ki poko pwanl lan Nou pa egare! Se pa pou sèl group moun sa yo peyi a ye! Nou
gen weekend sa poun di sa nap di a.
Kidonk, Majorite ki poze a, se #dimilyon moun li ye.
LORFILS Wisly, Sitwayen
Ayisyen
4/10/2019






