Repiblik Dominikènn depòte plis pase 1,774 sitwayen ayisyen nan 3 pwemye semen mwa Septanm lan

Sen Domeng__(TRiboLAND) Peyi panyòl pa sispann depòte ayisyen. Pou pwemye semen mwa Septanm lan sèlman sou yon total 2,127 ke yo te mete anba kòd akoz pwoblèm dokimantasyon, responsab imigrasyon Repiblik Dominikènn yo depòte plis pase 1,774 sitwayen Ayisyen.
Nan yon kominike ke li fè sòti ayè Lendi-a, Sèvis Imigrasyon anndan peyi Repiblik Dominikènn te efektye yon desann delye nan 2 dènye semen yo nan 15 pwovens Distrik Nasyonal la.
Yo kenbe yon pakèt ayisyen sou baz estati ilegal; konsa, yo oblije depòte yo tout nan peyi yo sou zònn fontalyè Dajabón ak Elias Pina, dapwè responsab imigrasyon yo.






