Bahamas: bilan ouwagan Dorian moute a 43 mò, alòske operasyon evakyasyon yo ap rapouswiv

Otorite responsab yo pwosede avèk evakyasyon reskape Ouwagan Dorian yo nan Bahamas, alòske aktivite sovtaj yo pa sispann miltiplye sou yon achipèl ki konplètman an lanbo e ak yon bilan ki deja moute jiska 43 moun pou jodi Samdi 7 Septanm 2019 la.
Dorian, ki fwape avèk anpil sovajri Bahamas avèk yon kategori 5, deja voye nan peyi san chapo 43 moun selon dènye kontaj yo, dapwè Erica Wells Cox ki se pòtpawòl Premye minis Bahamas la, Hubert Minnis ki tap entèvni sou yon chènn televizyon amerikènn, NBC News. Konsa, yon atann ke bilan an ap kontinye ogmante pandan ke aktivite legetè, sovtaj ak evakyasyon yo ap rapouswiv.
Gouvènman Bahamas la komanse depi ayè Vandredi-a ak premye operasyon evakyasyon yo. Avèk yon gwo bato (ferry), yo arive evakye plus pase 260 abitan ki tap viv sou zile Abako. Eskape say o ki rive nan pò Naso-a apwè 7 èdtan voyaj sou lanmè. Konsa, responsab yo pwevwa kontinye avèk aktivite evakyasyon yon fason pou ebèje victim yo an gran panpan nan Naso.






