Pòtopwens: yon gwoup manifestan andomaje ak kout wòch plizyè machenn depite

185
0
Share:

Pòtopwens__Yon ekip manifestan tap kalonnen Palman Ayisyen anba kout wòch apwè midi 12 Dawou 2019 lan; konsa, plizyè machenn depite ta andomaje ak biswit leta.

Se te yon sitiyasyon tansyon sou bisantnè-a patikilyèman devan Palman jodi 12 Dawou-a nan Pòtopwens. You gwoup ki tap manifeste e rele koukouwouj dèyè depite yo arive kalonnen anba kout wòch plizyè machenn ki te nan pakenn batiman an. Vit machenn depite Laskaobas-la, Lionel Gabiel  ansanm avèk makrèl li Depite Fòlibète-a, Jacquelin Rubes, yo tou 2 te genyen vit machenn yo ki andomaje.

Manifestan yo te  drese tou kawoutchou ki tab bwile nan plizyè ri e yo tap lanse gwo betiz piman bouk kont pouvwa enkonpetan PHTK (Plonje Haiti Tou Kanpe) ansanm ak raketè depite ki detèmine pou antere peyi-a.

Se te panic! Moun ki pa tande byen te ka menm arive tande divès kou zam nan antouraj Palman an. Alòske ajan inite PNH yo pat fè nad marinad ki te ka anpeche yon parèy ensidan. Konsa seyans pou mete pwezidan Jovenel Moise an akizasyon te oblije repwann nan yon bon ti bout tan apwè. Antouka, anpil moun estime teyàt desen anime kap jwe-a pa gen anyen pou wè avèk adrese vrè pwoblèm pèp la. Se yon ekip vòlò ak raketè enkonpetan ki mete avèk lapwezidans ki kontinye ap pase moun anba betiz.

Share:

Leave a reply