Sen Domeng: 30 ti lèzanj mouri avèk sentòm malady deng lan

Sen Domeng__Yon sous medikal kredib ki soti bò kote yon doktè pedyat ki trè repite devwale ke genyen plis pase 30 ti nosan ki ta deja mouri nan sentòm deng lan nan lopital pou ti moun ki rele Robert Reid Cabral. Selon pedyat Jesus Feris Iglesias ki se konseye Depatman Enfeksyon nan sant sante sa, deklare ke yote deja trete pwèske 900 ti lèzanj ki te genyen sentòm malady-a.

Dr. Feris rapouswib poul di ke pap jamè arive bay enfòmasyon ki de paman ak reyalite paske kelke swa estate li kòm yon lidè nan pati opozisyon, li toujou fè ansòt pou li diferansye Lasyans ak politik. Li eksplike ke lòske yon moun ap eseye pou souzestime reyalite, doktè yo konn rive nan yon sitiyasyon kote ke yo trè rezève pou di laverite paske yo pè pou yo pa pèdi djòb yo.
Ki donk, ‘si 900 ka deng admi pou lopital, e plis pase 30 nan ka sa yo mouri, e ke yo te antre avèk malady-a, se trè sèten lanmò ti nosan sa yo genyen anpil pou wè avèk malady deng lan jiska yok a pwouve otreman. Se vre dyagnotis definitive dwe detèmine, sepandan si nou anba yon epidemi deng e genyen moun ki mouri nan deng, nou pa ka chita ap kouvwi sa”, dapwè Dr. Feris ki toujou ap pwatike medsenn nan lopital Robert Reid Cabral.






