Ayiti Ensekirite: Yon Senatè repiblik Dayiti ta sanble gen men li tranpe ra gagann nan zak kidnapenn

169
0
Share:
TRiboLAND

Pòtopwens__(TRiboLAND) Se nan yon chita tande jodi 31 Jwiyè 2019 la avèk Komisyon jistis ak sekirite Sena-a sou pwoblèm ensekirite kap bwase bil peyi-a ke direktè jeneral polis nasyonal Dayiti-a, Michel-Ange Gédéon fè yon latriye revelasyon.

Dapwè pwezidan komisyon senatoryal Jean Renel Sénatus, enfòmasyon ke direktè jeneral polis la pataje-a e ki ta fè konnen genyen yon Senatè ki ta sanble gen men li tranpe ra gagann a 98% nan aktivite kidnapenn; konsa tou, gen 9 lòt moun ankò ki kontinye anba ankèt sou menm dosye sila.

Tribinal premye enstans Pòtopwens lan kontinye ap vanse avèk ankèt li; konsa, li entèroje 4 moun sou dosye-a; alòske jiridiksyon Sen-Mak-la ap vanse pyon avèk senk lòt moun ke dosye-a ap fè fil alang. Sepandan, direktè egzekitif rezo nasyonal kap pare kou pou dwa moun anndan peyi-a, Pierre Espérance lage bonm nan lòske li lonje dwèt jouda sou senate Gracia Delva kòm sispèk ki ta gen men li tranpe ra gagann nan mouvman dap piyanp 3 endividi nan Pòtopwens 14 Mas 2019 pase-a; yon remak palmantè pwezime koupab la te chwazi pa kòmante sou li.

Share:

Leave a reply