DGI Pòdpè Lòk maten Madi 14 Me 2019 la.

195
0
Share:
triboland

PÒDPÈ__(Triboland) 25 Etidyan inivesitè ki te reyisi nan konkou DGI ” Direksyon Jeneral Inpo ” te òganize yo nan entansyon pou fè yon leve kanpe pou pwoteste anfavè entegrasyon yo ki pa fèt depi nan lane 2017. Jènn sa yo jounen jodi Madi 14 Me 2019 la, te deklenche yon operasyon “Lòk biwo DGI Pòdpè” pandan kèk èdtan byen bonè maten-an. Selon pwotestatè sa yo, Leta sa-a bay chimè ak bandi plis valè pase moun ki te al lekòl .

25 jenn sa yo ki te ankòlè, te rantre anndan DGI, answit te okipe tout espas la ak yon konsè bat tenèb ak asyèt ki te arive pètibe kontribyab yo ki te vin peye. Antouka, moun  ki te vinn chèche sèvis nan DGI pòdepè te oblije nan kanpe lwen pa pwoche se rete deyò!

25 jenn etidyan sa yo ki deklare yo pa deside ale nan peyi CHILI e ki deside mouri anndan biwo DGI Pódepé a, te fè yon zak senbolik ak ból, kiyè asyèt, pou montre kòman Mouche Leta  retire manje nan bouch yo paske selon mesyedàm sa yo, majorite nan yo tap travay, yo te oblije demisyione nan pòs yo akoz DGI te konvoke yo rantre Pótoprens pou Fòmasyon e lè yo rive se nan farinn responsab yo woule yo.

Direkté DGI-a Mesye Ilioner Avéus, ki pat kapab sipòte distraksyon mesyedàm sa yo,  sanpèditan te fè apèl ak Lapolis e ki te entèvni sajman answit mete pwotestè yo deyò. De (2) pami 25 jenn etidyan sa yo, sou lód polisye UDM0 yo, tal rankontre direktè DGI-a, ILioner Avéus ki ba yo garanti DGI ap gen pou entegre yo paske DGI Pódepé a sitou pa gen ase anplwayè pou fè travay la. Sependan, sa pa anpeche 25 jènn sa yo kase randevou nan DGI chak jou Bondye mete jiskaske Leta  entegre yo.

Wiskis Saint Jean, Triboland

Share:

Leave a reply