Jakmèl: Yon gason pran plizyè kout kouto bò kou apre yon diskisyon ak madanm li

98
0
Share:
TRiboLAND

07/30/2026

Jakmèl, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon ensidan vyolan rive nan apremidi mèkredi 29 jiyè 2026 la nan zòn Sentelèn, nan vil Jakmèl, kote yon gason ki idantifye kòm Jameson, yo konnen tou sou non Kalawo, resevwa plizyè kout kouto bò kou anba men madanm li apre yon diskisyon ki te pete ant yo.

Daprè enfòmasyon ki disponib yo, diskisyon an te pran yon move direksyon e li te fini nan zak vyolans. Jameson te blese grav nan kou epi moun ki te sou plas yo te pote l prese ale lopital pou resevwa swen medikal. Jiskaprezan, pa gen okenn enfòmasyon ofisyèl ki bay detay sou eta sante li oswa sou sa ki rive madanm nan apre ensidan an.

Ka sa a raple nesesite pou fanmi yo chèche rezoud konfli yo nan dyalòg olye vyolans. Plizyè sitwayen nan Jakmèl kontinye mande pou gen plis sansibilizasyon sou prevansyon vyolans nan relasyon ak nan fanmi, yon fason pou evite lòt dram menm jan an. Se yon inyèm ka “krim konjiga kout koto” ki rive nan komin lan, nan dènye jou sa yo.

Share:

Leave a reply