Chapel Funeral Shalom: yon strikti finèb elegan, klasik e dènye modèl

2,821

“Chapel Funeral Shalom” yon konsepsyon finerè ki fè prèv de yon sèvis klasik san parèy. Strikti dènye modèl sa, se bijou ou reyalizasyon Ministè Robert Fertile, yon jèn antreprenè ayisyen-ameriken ki fè fyète tout pitit depatman Nòdwès peyi Dayiti kap viv atravè Eta Florid.

Ministè Robert Fertile, antan ke jèn antreprenè, fè prèv de yon konpetans enpekab nan metrize ou delivre yon sèvis salon finèb trè profesyonèl e inovativ. Avèk yon ekip solid, byen fòme, supè kalifye e sansib fas ak tout egzijans yon parèy metye rekòmande, fòma ou model biznis “Chapel Funeral Shalom”, pase de prezantasyon. Li elaji li, kòmanse sou sèvis salon seremonyèl, tapi wouj, flè natirèl ou atifisyèl, limouzin, charyo acheval, rapatriman, ensinerasyon, souvni pèsonifye, plak rive jis nan sèvis krematoryèl; ponp finèb CFS di me mwen!

Daprè sa ke Ministè Fertile esplike TRiboLAND, disparisyon yon pròch se yon eprèv difisil, se nan sans sa li mete yon parèy antrepriz byen distenge e striktire nan kominote ayisyèn nan kap viv nan Florid. Espas funèb CFS a, revele kòm yon espas privilijye; yon lokasyon rekèyman ki fasilite fanmiy ak pròch ofri yon dènye “orevwà” a defen an. Gras ak diskresyon yo ou konpreansyon yo, fanmiy konsène yo ap kapab jwenn yon oryantasyon klasik pou arive ofri yon dènye “adye inik” nan mitan yon parèy trajedi.

CFS konsève dwa moun menm aprè lanmò; yo deside nan sans sa a, itilize yon seri aparèy modèn ak teknolojik san konte yon estaf djanm ak divès lòt kalte sèvis antèman nan avantaj moun ki mouri a. CFS lokalize li nan Fort Myers, Florid; sepandan li bay sèvis bay tout sitwàyen ayisyen nan 10 depatman peyi Dayiti a.

Akote sèvis finèb yo, yon sèvis gran panpan, charyo acheval “promenade en calèche” disponib pou maryàj, anivèsè, publisite, okazyon espesyàl, batèm, kominyon, seyans romantik e latriye.

Konsa, Ministè Robert Fertile ap di tout moun kèlkeswa apatenans sosyal ak ekonomik yo, Chapel Funeral Shalom gen plas pou tout kouch sa yo; antèman premyè klas, dezyèm klas, twazyèm klas e latriye. Ou kapab kontakte santral antrepriz la ki chita kòl nan Ave Building #5 Fort Myers, FL 33901 nan nimewo sa yo : 786-380-8972 ; 239-415-0088
Shalom Funeral Chapel | Fort Myers FL funeral home and cremation

Genson HYPPOLITE

Comments are closed.