Kriz sosyo politik haytièn lan dwé rezoud pa 4- bagay ki pwimòdyal.

1,802

1- Kanpé Enjerans Kominoté Entènasyonal la nan zafè politik entèn Hayti.

2- Selman Kominoté Entènasyonal la dwé ankouraje e fè presyon sou aktè politik yo ak sosyeté sivil la nan yo chita palé ant haytien ki ta dwé Rezolisyon Konfli ou Konferans Nasyonal Souverèn pou yo jwenn yon solisyon nan kriz politik haytièn.

3- Disoud Core Group la ki te kréyé pa peyi Kanada an 2003, ki ap vyolé Atik 41.1 nan Konvansyon Vyèn 1961, nan Relasyon Diplomatik ak Konsilè e ki ap Vyolé Dwa Otodetèminasyon pèp haytien ki nan Chat (konstitisyon) Nasyon Zini an akoz lap fè twòp enjerans sou tè Hayti ki se manm fondatè Nasyon Zini.

4- Kominoté Entènasyonal la dwé sispann mandé Eleksyon rapid nan peyi a paske si ak ensekirite sa a nan peyi a, yo al presé fè eleksyon, se ap yon fyasko ak yon risk sekiritè ki twò elvé ak endikatè yo ki an wouj.

Tout tan pa gen sa yo, pwoblèm lan poko ap rezoud nan peyi Hayti.

Lou Evans Arné
17 / 12 / 2021

Comments are closed.