Pòtoprens ensandi: yon gwo dife eklate nan Ri Monsenyè Giyou nan moman nap pale la a.

865

04-07-2023

Pòtoprens, Ayiti ___(TRiboLAND) Yon gwo dife eklate nan moman nap pale la a, nan Ri Monsenyè Giyou, touprè Lekòl Enfimyè a. Ensandi pase ozanviron 4 trè pm, jodi vandredi Sen an ki se, 7 avril 2023 a.

Apèl pote sekou bò kote sèvis ponpye yo, te pran yon bon bout tan pou te entèvni, alòske anpil kay te deja anba gwo flam dife. Yon parèy sitiyasyon, lakoz genyen gwo van tansyon nan zòn nan, kote moun ap kouri agòch e adwàt pou wè si yo ta sove tèt yo nan malè pandye sila a.

Lapolis te sou plas, ap fè bwas pou asire sekirite popilasyon an ki andanje. Nap siyale, pèson pa konnen ki sa ki ta a lorijin dife sila a.

JOICY Arnold

Comments are closed.