Twonson wout ki soti Pon Barèt ki mennen nan 8èm seksyon kominal Tigwav pabon ditou.

07 – 07 – 2026
Tigwav, Ayiti (TRiboLAND) Twonson wout ki soti sou Pon Barèt ki mennen nan 8èm seksyon Platon kominal Tigwav, lokalite Alyòm, Mòyèt ak Senjera pabon ditou, selon kòdonatris kazèk lan, Yracide Desgranges nan kad yon tibat bouch ak jounalis jounen lendi 06 jiyè 2026 lan.
Kazèk Yracide ki deklare katèl la genyen 400. 000 goud nan men yo, men sepandan yo nan nesesite plis lajan pou demaraj twonson wout yo nan mitan mwa jiyè 2026 lan; konsa, y’ap kapab fasilite koneksyon yon zònn ak yon lòt e dekoule pwodiksyon agwikòl peyizan yo jan sa ta dwe ye.
Administratris seksyon an, fè konnen peyizan, chofè taksi yo genyen gwo difikilte pou frekante wout yo menm lè lapli pa tonbe; e lè lapli ta tonbe, se yon lòt tèt chaje.
Nan sans sa a, prezidant konsèy seksyon kominal Tigwav la, madam Yracide Desgranges mande tout pitit seksyon an, kap viv nan vil Tigwav, nan Pòtopwens ak nan peyi letranje pou yo kolabore nan fason pa yo pou fasilite katèl la jwen mwayen finansye pou yo reyabilite twonson wout ki soti sou Pon Barèt ki mennen 8èm seksyon Platon kominal Tigwav, lokalite Mòyèt, Senjera ak Alyòm nan kad amelyore soufwans popilasyon an.






