OKAP : Plis pase 50 ti oto bajaj 3 wou sezi, pwopriyetè yo dwe peye 15,000 goud pou rekipere yo

06/26/2026
Kap Ayisyen, Ayiti _____(TRiboLAND) Plis pase senkant (50) ti moto bajaj 3 wou ap ret kanpe nan lakou Meri vil Okap la , apre otorite minisipal yo te mennen yon operasyon kont chofè ki pa t respekte règ sikilasyon ki tabli nan vil la. Daprè premye enfòmasyon ki disponib yo, pwopriyetè chak moto bajaj dwe peye yon amann 15,000 goud, prezante papye orijinal veyikil yo ak yon asirans ki valid pou yo kapab reprann byen yo.
Selon otorite yo, mezi sa a antre nan kad efò pou mete plis lòd nan sikilasyon an epi fè respekte limit ak prensip Meri a te deja fikse pou deplasman ti moto bajaj 3 wou yo nan diferan zòn nan vil la. Yo fè konnen plizyè chofè te kontinye vyole dispozisyon sa yo malgre avètisman ki te deja lanse.
Operasyon moto bajaj 3 wou yo, pwovoke anpil reyaksyon nan mitan popilasyon an. Pandan kèk sitwayen ap denonse sa yo konsidere kòm yon fason pou ranmase lajan sou do chofè yo, lòt moun estime mezi a jistifye paske chofè konsène yo pa t respekte règleman otorite minisipal yo te mete an aplikasyon pou amelyore lòd ak sekirite nan vil Okap Ayisyen.






