Pastè Vilner Glésile ranplase Pastè sanksyone Amel Lafleur, aprè eskandal etid seksyèl ras kabwit yo

1,030

01-21-2023

Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Aprè li tonbe anba sanksyon pou sankoutcha ak san pidè moral, konpòtman ras kabwit ak drivayèz, Pastè titilè sansyone L’Eglise de Dieu Indépendente de la Porte Étroite”, Amel Lafleur anonse atravè yon video sou yon chèn televizyon, Pastè Vilner Glésile kòm ranplasan li nan tèt legliz la.

Mwen pase pouvwa mwen bay Pastè Vilner Glesile; e se li menm ki pral otorite anplas pou prosede ak sinyati yon seri dokiman. Nan moman sa, li se Pastè legliz la”, daprè deklarasyon dirijan chanèl la ke Ministè Kilt te deside sanksyone pou imoralite ak zak similasyon ras kabwit an piblik.

Antouka, si se pa menm kolònn “chacha” yo; si se pa menm kabwit Tomazo yo, Pastè Vilner Glésile genyen anpil bwàs pou’l fè; pami yo se restore valè moral kongregasyon ki tap bat zak enpidisite Lafleur yo jarèt ak rapouswiv ak kotwaye manm legliz dezète yo ki te oblije kraze yon kite sa aprè eskandal seksyèl lidè a ak tout pitit fi li an piblik.

Comments are closed.