Yon aksidan sikilasyon lakòz, pou pipiti 2 moun pèdi lavi yo nan komin Milot, depatman Nò peyi Dayiti.

930

Yon kolizyon machin-moto, lakòz 2 moun pèdi lavi yo nan komin Milo.

06-03-2023

Milo, Ayiti_____(TRiboLAND) Aksidan sikilasyon kontinye ap mete dlo nan zye divès fanmiy nan peyi Dayiti. Pou pipiti, 2 moun pèdi lavi yo, pami yo, yon chofè moto ak tout yon dam, jounen vandredi 2 jwen 2023 a.

Daprè enfòmasyon kòlèg jounalis vil Okap, ta sanble se neglijans chofè yo ki ta lakòz gwo kolizyon sa a ki mete fen nan vi 2 moun yo.

Antouka, aksidan sikilasyon moto-machin sa a, vin ogmante lis moun ki pèdi lavi yo sòti ayè premye jwen an pou rive jounen vandredi 02 jwen 2023 a nan 10 depatman jewografik peyi Dayiti.

Comments are closed.