Ensekirite jeneralize a, egzije Pastè Woulio Zamor mande Ariel demisyon li.

123

09-14-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Pastè legliz kretyen Gran Gwav la, Woulio Zamor nan yon entèvyou ak la pwès jedi 14 sektanm 2023 a, soti nan silans li; li denonse ensekirite jeneralize ki genyen anndan peyi a epi reklame demisyon PM Ariel Henry nan tèt Primati a.

Reveran pastè Woulio esplike ensekirite a, pa sèlman touye moun, li kidnape, li sikolojik, li ekonomik, li emosyonèl e sa vin aji sou mantal moun kap sibi chòk yo. Yon sitiyasyon ki kreye yon malèz lakay chak grenn sitwayèn ak sitwayen kap viv andedan sosyete ayisyèn nan.

Pastè Woulio ki presize, ensekirite jeneralize ki genyen nan peyi a, espesyalman sou wout Gransid la, fè gwo enpak negatif sou sektè ekonomik la, lè li konsidere oken moun, oken komèsan pa kapab travèse Matisan pou rantre nan kapiltal la; konsa, sa fè lavi a vin difisil pou pèp ayisyen an.

Yon lòt kote, pastè Legliz kretyèn nan, reveran Woulio Zamor nan komin Gran Gwav deklare ensekirite a, fè enpak negatif sou sektè protestan an, paske dapwè li, yo pa kapab konsantre pou yo rantre an kontak ak Bondye, li di yo pè anpil pou bandi pa rantre pran yo, kidnape yo pandan yap fè travay Bondye a.

Nan sans sa a, reveran pastè Woulio Zamor di premye minis defakto Ariel Henry pou l konstate chèk li epi demisyone nan tèt primati a, bay yon lòt ekip ki kapab amelyore soufrans popilasyon ayisyèn nan.

Comments are closed.