Anviwon 455 polisye rejwenn efektif polisye yo jounen madi 18 jen 2024 la.

275
0
Share:
TRiboLAND


06 – 19 – 2024

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Nan kad yon seremoni gradyasyon ki te dewoule nan lokal enstitisyon PNH la sou wout frè a, jounen madi 18 jen 2024 la, anviwon 455 polisye deja sou plas pou al ogmante efektif polisye yo nan peyi Dayiti.

Seremoni gradyasyon sa a te dewoule nan prezans divès gwo palto nan Leta a tankou : DG PNH ranplase a, mouche Frantz Elbé, premye minis ayisyen an, Dr. Garry Conille, prezidan konsèy prezidansyèl la, Edgar Leblanc Fils ak Smith Augustin.

Nan moman seremoni an DG PNH ranplase a, ki t’ap raple nouvo gradye yo angajman yo genyen devan Nasyon an, e tou pwofite salye kouraj polisye yo k’ap goumen san moli nan pwoteje lavi e byen moun lanwit kòm lajounen.

Share:

Leave a reply