Dram nan Limbé : Yon adolesan 15 lane mete fen nan lavi li apre yon separasyon

379
0
Share:
TRiboLAND

02/13/2026

Lenbe, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon nouvèl tris frape kominote a nan Limbé kote yon jèn demwazèl ki te gen sèlman 15 lane sou tèt li ta mete fen nan lavi li apre yon separasyon ak mennaj li, Sadrack, ki gen 26 lane. Daprè enfòmasyon ki disponib yo, adolesan an te bwè yon pwodwi klowòks akoz gwo chagren li te santi apre relasyon an te fini.

Evènman sa a souke anpil moun epi relanse kesyon sou vilnerabilite timoun yo nan laj adolesans lan, sitou lè yo angaje nan relasyon san matirite ki kapab afekte moral ak kad legal yo. Nan laj 15 lane, yon timoun toujou nan etap fòmasyon emosyonèl, sikolojik ak sosyal li. Li pa toujou gen matirite nesesè pou jere presyon lanmou, konfli, ni separasyon.

Ekspè nan devlopman timoun fè konnen adolesans lan se yon peryòd kote emosyon yo entans anpil. Yon separasyon nan laj sa a kapab parèt kòm yon dram san solisyon pou jèn nan, sitou si li pa jwenn ase sipò bò kote fanmi, ki anpil fwa pa okouran sou zafè relasyon yo.

Dram sa a mete an limyè wòl fondamantal paran yo. Kominikasyon ouvè ant paran ak pitit kapab ede timoun yo pataje pwoblèm yo anvan yo pran desizyon ekstrèm. Lè timoun yo santi yo poukont yo oswa yo pè pou yo pale, risk la ogmante.

Pèt sa a se pa sèlman dram yon fanmi, men yon avètisman pou tout sosyete a. Pwoteksyon minè yo dwe vin yon priyorite. Relasyon ki pa adapte ak laj yo dwe denonse epi ranfòse prevansyon yon fason pou diminye jan de krim pasyonèl sa yo.

Share:

Leave a reply