Tranblemanntè 5.3 frape Kiba, soukous la bay tranble janm nan peyi Dayiti

157
0
Share:

02/08/2026

Ayiti _____(TRiboLAND) Yon tranblemanntè ki gen yon magnitid 5.3, daprè premye estimasyon yo, pase maten dimanch 8 avril 2026 lan, vè 7è, toupre vil Imías, nan sidès peyi Kiba. Sant sismik la te lokalize a anviwon 32 kilomèt vil la.

Daprè enfòmasyon ki disponib, jiskaprezan soukous tranblemanntè sila te rebondi nan plizyè peyi ak zòn ou zònn nan Karayib la, pami yo Ayiti, Bahamas, ak kèk zile pèriferik Etazini. Fenomèn nan te pwopaje sou yon gwo perimèt, sa ki eksplike nivo kè sote yo nan plizyè popilasyon.

Nan peyi Dayiti, plizyè sitwayen nan Depatman Nòdwès, Grandans, Nò ak Latibonit fè konnen yo te santi vibrasyon yo, sitou nan premye minit yo. Temwayaj yo fè eta de yon sekous kout men ase fò pou kreye enkyetid, sitou lakay moun ki te deja fè eksperyans ak aktivite latè tranbley.

Pou kounye a, pa gen okenn enfòmasyon ofisyèl ki konfime dega materyèl oswa pèt an vi imèn. Sepandan, evènman an te lakòz yon klima tansyon ak panik lejè nan mitan popilasyon an, espesyalman lakay moun ki te dirèkteman santi soukous la.

Otorite konpetan yo ap kontinye rete vijilan sou sitiyasyon an, pandan y ap tann plis done teknik ak evalyasyon sou konsekans posib fenomèn sismik sila.

Share:

Leave a reply