Lang Kreyòl Ayisyen an pral ansenye nan tout nivo klasik atravè peyi Dayiti.

1,247

08-28-2022

Minis Edikasyon Nasyonal la, Nesmy Manigat fè konnen ofisyèlman yo konsidere lang kreyòl ayisyen an kòm lang ansèyman ak aprantisaj nan sistèm edikatif ayisyen an, sòti nan preskolè pou al bout jis nan NSIV.

08-27-2022

Pòtopwens, Ayiti__(TRiboLAND) Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl ki genyen nan tèt li Nesmy Manigat, fè konnen ak sektè edikatif ayisyen an, ke lang Kreyòl la, se sèl lang ministè lap dirije a chwazi pou ansèyman ak aprantisaj nan nivo Matènèl, Premyè ak Dezyèm Ane Fondamantal. Sepandan, lang fransè ak lang kreyòl la, pral sèvi nan nivo Twazyèm (3è AF) jiska NSIV.

Numero 1 Ministè Edikasyon Nasyonal la, kontinye pou l di, lang fransè, lang kreyòl ak lang anglè a pral itilize nan nivo Premye sik ansèyman fondamantal la. Alòske pou lang kreyòl la, lap komanse ansenye nan nivo Twazyèm sik pou al bout nan NSIV.

Pwomèt yon liv kreyòl pou tout elèv Premye ak Dezyèm sik nan peyi Dayiti, ministè Manigat fè konnen” Tout moman bon pou moun aprann kreyòl. Se menm jan ak lè yon moun vle aprann nenpòt lòt lang”.
Aprenan konsène yo ap genyen pou resevwa yon liv eskolè Inik, yon fondasyon pou lang kreyòl la.

Comments are closed.