Divès abitan nan sant komesyal vil Jeremi, bloke Gran Ri nan objektif pou egzije konstriksyon Ri Lapè nan Jeremi.

213
0
Share:
TRiboLAND

12 – 16 – 2025

Jeremi, Ayiti ( TRiboLAND)
Plizyè abitan nan vil Jeremi, patikilyèman nan zòn Ri Lapè, bloke sant komesyal vil Jeremi an, yon fason pou egzije leta ayisyen konstwi twonson wout Ri Lapè a, an direksyon sant komesyal vil Jeremi an.

Dapre abitan yo, lè lapli tonbe anpil dega materyèl fèt e dlo rantre anndan kay rezidan yo ki nan Ri Lapè.Pandan mouvman bloke wout lan tap pran jarèt, anpil aktivite komesyal te bloke; kidonk, se yon twonson wout enpotan ki bay aksè ak tout aktivite komesyal vil Jeremi ak lòt komin depatman Grandans lan.

Otorite minisipal ak lapolis ki te vinn fè entèvansyon pou debloke wout la e fasilite lib sikilasyon, te resevwa anpil kout wòch ak boutèy ki tap soti nan divès direksyon Ri Lapè; sepandan, ta sanble oken pwotestatè pat arive jwen arestasyon.

Share:

Leave a reply