Jounen Vandredi 24 oktòb 2025 lan, plizyè santènn manisfestan manisfeste pasifikman pou egzije liberasyon John Noël Cadafy.

91
0
Share:
TRiboLAND

10 – 24- 2025

Jeremi, Ayiti______(TRiboLAND) Aprè jij Litan Saint Élus finn pwan desizyon pou rann yon “Avan di Dwa”, pou rekondwi John Noël Cadafy nan prizon sivil lan, plizyè santènn manisfestan pwoteste pasifikman pou egzije liberasyon san kondisyon John Noël Cadafy, PDG Platfòm anliy “Dekouvri la Grandans” lan.

Lajistis ak lapolis nan Jeremi te arete Cadafy sou akizasyon destriksyon byen piblik nan pakè Jeremi an, agresyon fizik sou youn nan polisye rapwoche komisè gouvènman Jean Marie Geachjeen Alexandre an, ak manke respè pou majistra ki nan ekzesis fonksyon l.

Patizan, senpatizan John Noël Cadafy yo, pwomèt pou mobilize pasifikman ak vyolans pou fose responsab lajistis yo libere akize a, ki deja pase twa mwa padèyè kat miray prizon sivil Jeremi an, sou akizasyon ke n sot site la yo.

Nap fè remake, PDG Platfòm “Dekouvri la Grandans” lan, vinn nan sityasyon sa a, pandan ke konsèy siperyè pouvwa jidisyè a (CSPJ) pwan desizyon pou revoke dwayen tribinal premye enstans jiridiksyon an, pou enkonpetan ak mank pwofesyonalis nan fonksyon l kòm dwayen ki pase sèlman yon lane nan tèt tribinal premye enstans Jeremi an. ‎

Share:

Leave a reply