Òganizasyon ITDP pote sipò bay timoun nan Pòdpè atravè distribisyon materyèl eskolè

10/21/2025
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Òganizasyon Inyon Tèt Ansanm pou Devlope Pòdpè (ITDP) fè yon bèl jès solidarite pandan peryòd rantre lekòl la, lè li distribye materyèl eskolè pou plizyè dizèn timoun nan komin Pòdpè, sou kòdinasyon sekretè Jeneral la, Mèt Fanuance HODNEY.
Gras ak sipò plizyè patnè jenere tankou Senatus Danès, Enjenyè Fernand Wedson, Mèt Cenel Pierre ak Jean Rodlet Jean Baptiste, òganizasyon an rive ofri timoun yo plim, kaye, kreyon ak lòt materyèl nesesè pou ede yo reprann chemen lekòl la nan pi bon kondisyon.
Benefisyè yo, ak anpil rekonesans, remèsye ITDP ak tout moun ki kontribye nan inisyativ sa a. Yo pwofite okazyon an pou mande otorite Leta yo pran plis responsabilite devan kriz sosyal ak ekonomik la, paske, daprè yo, lavi fanmiy yo ap vin pi difisil chak jou ki jou.
ITDP renouvle angajman li pou kontinye ak aksyon sosyal ki kapab soulaje popilasyon an, espesyalman nan domèn edikasyon ak devlopman kominotè.






