Ajan ekzekitif enterimè komin Jeremi an, Onèl Jacinth fè tout popilasyon Jeremi an konnen ke administrasyon lap dirije a pa nan dosye distribiye tè bay pèson.

69
0
Share:
TRiboLAND

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Fas ak atoufè san fwa ni lwa, nan tout nivo kap monte e fè dap piyanp sou tè prive kou piblik, sitou tè malere kap travay di nan diaspora a, ajan egzekitif komin Jeremi an, Onèl Jacinth fè sòti yon kominike baton gayak jis pou lanse yon mizangad bay menm anplwaye meri Jeremi yo, pou pa enplike nan zafè tè an jeneral.

Prezidan komisyon kominal enterimè Jeremi an, Onèl Jacinth mande komisè gouvènman an, Mèt Jean Marie Geachjeen Alexandre, pou mete aksyon piblik an mouvman kont tout sangwen dwèt long kostime ak kravat, ki panse yo ka volè tè ak kay sitwayen e sitwayènn yo nan Jeremi, sou pretesk yo se anplwaye meri Jeremi.

Nap raple fenomèn “volè tè” nan Jeremi tankou nan vil Pòdpè, se yon seri asosyasyon malfektè ki genyen polisye, avoka, notè, minis, ansyen senatè e depite, delege, majistra, apantè, jij ak kèk pami komisè gouvènman yo nan divès jiridiksyon ki mete Lajistis ajenou. Konsa, sitwayen yo ki sispann kwè nan sa ki la kòm jistis, se jistis la menm ki ofisyalize vòl tèryen yo nan Larepiblik.

Se konsa, anpil sitwayen ki ap rete tann fòs entènasyonal kap antre vinn kraze zo gang yo nan peyi Dayiti, ta dwe bay yon bourad krese sere nan kad eradike asassyasyon malfektè sila yo ki pa diferan de gang kriminèl yo nan Jeremi, Pòdpè, Okap elatriye. Dosye vòlè tè a, se yon veritab barik poud ki pap pran tan pou eksploze avèk vyolans ak manchèt bò kote pwopwiyetè yo ki pa kapab jwen jistis pou byen yo ke gang sansal akravat volè.

Bwavo majistra Onèl Jacinth!

Share:

Leave a reply