Grandans edikasyon : ministè edikasyon nasyonal delivre katreven disnèf pèmi ki otorize plizyè lekòl fonksyone

60
0
Share:
TRiboLAND

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Pou mete lòd ak pwesip nan systèm edikatif lan nan Grandans, ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofésyonèl, via direksyon depatmantal Grandans remèt bay katreven disnèf lekòl non piblik, pèni ak otorizasyon pou yo fonksyone

Selon direktè depatmantal ministè edikasyon nasyonal Grandans lan, pwofèsè Georges Jean Barth, minis Antoine Augustin pwan desizyon sila jis pou evalye resous kap anseye nan sektè prive yo. Konsa, anvan menm yo delivre pèmi ak otorizasyon pou fonksyone; aprè analyz pyès ke responsab lekòl sila yo te depoze atravè sèvis depatmantal yo sitou nan (SAEPP), genyen apeprè katreven disnèf responsab ak reprezantan lekòl non piblik ki ta resevwa pèmi.

Selon direktè depatmantal ministè edikasyon nasyonal Grandans lan, Pwofesè Georges Jean Barth, chak twa lane ministè ap gengen pou renouvle pèmi ak otorizasyon pou dirije a, selon bon kondwit pèsonèl lekòl ki an patenarya ak ministè a, an menmtan lekòl kapab pèdi papye yo si tout fwa yo pa respekte pwensip yo.

Nan okazyon sila, direktè Jean Barth te pwofite egzote lòt lekòl prive yo nan Grandans, pou mete yo an règ ak ministè a ,si non yo pap kapab enskri kandida nan egzamen ofisyèl leta yo.

Share:

Leave a reply