Direksyon Polis Nòdwès enstale yon nouvo responsab nan komisarya Senlwidinò

73
0
Share:
TRiboLAND

SenLwi Dinò, Ayiti ____(TRiboLAND) Direksyon Depatmantal Polis Nòdwès, ki gen nan tèt li Directeur Fred Joseph, enstale ofisye Petit-Maître Jackson kòm nouvo responsab nan komisarya komin Senlwi Dinò a.

Nan okazyon sa a, Direksyon an fè konnen se sèlman inite UDMO (Unité Départementale de Maintien d’Ordre) ki ap kontinye sèvi nan komisarya a. Pa gen polis administratif ankò ki ap fonksyone nan espas sa a, daprè dispozisyon otorite yo.

Enstalasyon nouvo responsab la rantre nan kad mezi DDNO ap pran pou ranfòse prezans lapolis nan komin nan, nan yon kontèks kote popilasyon an ap mande plis sekirite ak estabilite.

Share:

Leave a reply