Anvan zòn Latibonit lan te okipe pa mesye ak zam yo, Latibonit te gen 38 000 ekta tè ki te wouze ak plante diri.

85
0
Share:
TRiboLAND

Leta Ayisyen nan chache avantaj mesken te siyen yon kontra ak Vietnam pou enpòte 300 000 tòn diri pa ane, Ayiti sèlman te enpòte 60 000 pandan ane 2013.

7 janvye 2019, Ayiti ak Taïwan siyen yon akò pou ogmante pwodiksyon diri nan 3 depatman Latibonit, Nò ak Nòdès. Nan kad akò sa a, distribisyon semans diri te fèt ak popilasyon nan vale a sou pretèks soulajman. Aprè yon ti tan rat tonbe nan diri a.

Jovenel Moïse, ansyen Prezidan ayisyen vini ak pwogram karavàn chanjman kote l mete dlo sou plis tè epi bay machin pou rekòlte diri a epi gwoupe peyizan yo pa asosyasyon. Aprè inisyativ sa a, mesye ak zam yo enstale nan zòn kote k ap pwodwi diri a.

San nou pa menm gade desizyon ansyen Prezidan Etazini an Bill Clinton devan kongrè ameriken an te enpoze otorite ayisyèn yo enpòte diri ki fèt nan peyi l, espesyalman nan Eta Akannzas. Sa ki t ap al fè Ayiti vin 4èm peyi ki enpòte plis diri Etazini aprè Japon, Meksik ak Tiki.

Rapèl sa yo se jis pou wè fòk nou pa pran nan manipilasyon sa a k ap fèt kont diri KPK a.

Kanpay k ap fèt pou dekouraje ekspòtasyon diri a gen yon objektif klè: fè enpòtatè yo abandone achte diri ayisyen an. Si plan sa a reyisi, endistri lokal la ap febli epi fèmen. Nan kèk mwa, yo ka fè kwè kanal la pa pote okenn rezilta, pandan an reyalite se pwodiksyon nasyonal la yo detwi.

Pou sa pa rive, nou bezwen:

1. Ankouraje konsomasyon diri ayisyen sou mache lokal ak entènasyonal.

2. Fòme koperativ pou ede pwodiktè yo vann dirèkteman.

3. Fè presyon sou Leta pou li pwoteje pwodiksyon agrikòl la epi kontwole enpòtasyon.

4. Ayisyen dwe imedyatman sispann kanpay ki fèt kont diri a.

5. Ayisyen dwe sispann kite yo manipile yo kont enterè peyi a.

6. Ankouraje antreprenè etranje yo kontinye achte diri a.

7. Leta dwe sibvansyone angrè, mete machin pou plante ak rekòlte a dispozisyon, pou pri diri a ka bese sou mache nasyonal la.

Se pa nan enterè peyi a pou li kontinye depann de diri, pwa ak lòt manje etranje. Pwodiksyon nasyonal la se sèl chemen pou souverènte ak devlopman. Kanpay kont diri KPK a pa sèlman kont antreprenè ayisyen k ap achte pou revann Ozetazini, men li kont tout peyizan Wanament ak zòn anviwonant yo k ap pwodwi diri a.

Ralph Joram ELIAMEAU,
Mèt an Dwa Piblik ak Syans Politik

Share:

Leave a reply