Kenskòf : lapolis vide atè yon bandi e popilasyon an egzekite yon lòt

1,232

08/22/21

Kenskòf______(TRiboLAND) Polisye Brigade Intervention yo nan Fò Jak, Kenskòf fè gwo echanj kout zam ak yon bandi yè samdi 21 out 2021 an apwè ke popilasyon an te alète yon patwouy polis sou va e vyen yon gwoup bandi ki ta sanble tap opera nan zòn souazon 2.

Konsa, bandi sangwen yo pat pran tan pou ouvè kout zàm sou patwouy la; nan echanj kout zàm ak lapolis yon bandi arive tonbe. Fòs lòd arive sezi yon pistolè Taurus 9 mm, seri AAM141221. Paralèlman, fòs lòd yo dekouvwi nan menm zòn nan yon kò san vi ke popilasyon an ta sanble egzekite, dapwè yon sous polisyè.

Konsa, konsta legal ak leve kadav yo te finalman fèt anba direksyon Jij titlè jiridiksyon an, Bob Antoine.

Comments are closed.