Sektè anseyan nan Nòdwès, anonse yon manif pou mèkredi 9 jiyè 2025 lan, pou fòse Leta respekte Akò 20 janvye pase a.

292
0
Share:
TRiboLAND

Nodwès, Ayiti_____(TRiboLAND) Kowòdinasyon COPLASEHQ (kowalisyon Platfòm Sendika Edikasyon Kalite) Nódwès, voye yon gwo kout chapo bay chak grenn anseyan ki kwè nan batay anseyan yo ap mennen pou fè respekte dwa yo.

Konsa, jounen lendi 07 jiiyè 2025 lan, atravè yon konferans pou laprès, sendika anseyan yo te reyini pou yo kontinye planifye sou avni yo. Se nan sans saa, yo mete yo dakò, mèkredi kap 09 jiyè 2025 lan, pou yo òganize yon gwo manifestasyon nan vil Pòdpè, yon fason pou kontinye mande Leta 5 bagay sila yo : nominasyon anseyan yo, alinyeman salè, ajisteman, kat debi, e aryere salè.

Pwotestetè yo kontinye pou di “yo pap negwosye batay anseyan yo. Se viktwa y ap tann nan inite, tèt ansanm ak kòlaborasyon chak grenn anseyan.

COPLASEHQ fini pou mande tout anseyan ki nan chak komin depatman Nòdwès la, leve kanpe pou rejwenn li nan batay la, yon mannyè pou yo kontinye mande aplikasyon Akò 20 janvye pase a. Sendika anseyan ankouraje tout anseyan ki pako nonmen yo, pran desten yo nan men yo.
Randevou kase mèkredi 09 Juiyè 2025, nan manif lan!

Share:

Leave a reply