Aprè pasaj tranbleman tè 14 out 2021 an, pon Wozo, Voldwòg Girode benefisye travay reparasyon

Grandans, Ayiti_____(TRiboLAND) Pon Wozo, Voldwòg Ginode, ki te konstwi sou administrasyon Michel Joseph Martelly a, nan kad koperasyon peyi Lachinn ak peyi Dyiti aprè tranbleman tè 14 daou 2021, jwen gras ak benediksyon reparasyon gras ak finansman bank entè ameriken devlopman (BID) ak konpayi chinwa, Waling, ki nan moman yo ap pwosede ak reparasyon twà pon nan Grandans peyi a.
Selon enjenyè responsab konpayi Waling lan, travay sila yo ke konpayi a ap reyalize yo, pa prezante yon andikap pou sikilasyon an sou wout Nasyonal 7 lan. Aktivite va e vyen yo, ap kapab fèt kòm sa dwa, e yo mande kolaborasyon tout moun kap frekante wout Nasyonal nimero 7 lan, yon faso pou fasilite travay reparasyon yo fèt pi byen ak pi rapid.






