Atak bandi kostime nan Legliz Pèpetyèl Sekou nan Dèlma 75 okazyone yon mò ak gwo van panik

257
4
Share:
TRiboLAND

01 – 05 – 2025

Delma, Ayiti_____(TRiboLAND) Yon atak nèg ak zam rive pwodwi nan Legliz Pèpetyèl Sekou nan Dèlma 75 la, jodi dimanch 5 janvye 2025 a kote bandi san sal yo pa rive idantifye louvri kout zam sou yon moun ki tap pare pou antre legliz la.

Selon temwanyàj ke TRiboLAND arive rekeyi, bandi kostime ki pa idantifyàb yo krible e touye san mèsi yon moun sou plas. Se konsa, yon van panik ak konstènasyon ta pral anvayi asanble eklezyastik la; kidonk, mès 7è maten dominikal la te konplètman pètibe e kanpe akoz gwo van panik.

Nap sinyale, malgre rapidite deplwàman lapolis pou te reponn fas ak yon parèy zak kriminèl, bandi sangwen yo te deja mete van nan vwèl yo pandan ke yon ankèt deja ap manniganse.

Antouka, yon lòt krim, yon lòt kri detrès e yon lòt agoni pou yon pèp ki livre devan je swa dizan lèdè sangwen initil, ki pa sispann ekspoze enkonpetans yo fas ak ensekirite ou zak vyolans kap deteryore chak minit nan kotidyen popilasyon an ki pa kapab ankò.

Share:

4 comments

Leave a reply