Chansòlm riske tonbe nan izòlman avèk rès peyi akoz glisman teren dènye move tan yo

1490
12
Share:
Triboland

12 – 31 – 2024

Chansòlm, Ayiti______(TRiboLAND) Laperèz avèk gro panik anvayi popilasyon Chansòlm lan aprè gro entanperi vyolan yo ki bale wouze depatman Nòdwès l, kote ke sitwayen yo ap moute yon ma swife ak lavi ki pa menm egziste.

Enfwastrikti woutyè ki te deja an bankal disparèt alòske te genyen yon bagay lòbèy ke otorite yo privatize e ki pa itil absoliman anyen nan fasilite ou amelyore kondisyon lavi transpòtasyon ou koneksyon yon lokalite a yon lòt lokalite. Okontrè, enstitisyon fantòm sila mete lavi moun plis an danje nan delivre sèvis piblik inadekwàt ki trè souvan koze yon seri dram fatal.

Pami yon pakèt wout ki an boulatcha nan Nòdwès, wout nasyonal la sou kontre Chansòlm pa kite atansyon rezidan ou pasajè inaktif. Divès wout efondre e eboulman yo pa sispann kreye dram ak falèz ki mete lavi ak rezidans sitwayen yo andanje. Konsa, anpil moun estime sa ki ap travèse Nòdwès la, se pi mal ke agoni! Rezidan yo estime se apse sou klou, alòske transpòtasyon nan depatman sila te deja pat egziste.

Chansòlm riske separe ak rès peyia; se sèl kreyasyon yon seri detou ki kapab pèmèt yon ti moso espwà transpòtasyon jayi nan mitan yon parèy dram ki mete tout depatman Nòdwès la ajenou.

Share:

12 comments

  1. watch sports online free baseball 11 February, 2025 at 05:25 Reply

    I was just seeking this info for some time. After 6 hours of continuous Googleing, finally I got it in your website. I wonder what is the lack of Google strategy that do not rank this type of informative web sites in top of the list. Usually the top sites are full of garbage.

  2. slot777 7 March, 2025 at 08:20 Reply

    Hey! Quick question that’s entirely off topic. Do you know how to make your site mobile friendly? My blog looks weird when browsing from my apple iphone. I’m trying to find a template or plugin that might be able to fix this problem. If you have any suggestions, please share. Cheers!

Leave a reply