PNH deklare ke yo rekipere yon estasyon radyo ke bandi sangwen te genyen anba grif yo

150
0
Share:
TRiboLAND

Par TRiboLAND.com

Nan yon entèvansyon ke rapòtè adjwen Polis Nasyonal Dayiti a, Lionel Lazarre fè nan milye medyatik la, li fè eta ke fòs sekirite yo arive pran kontwòl lokal Radio Tele Megastar ki te anba grif zago loray yo de pi plizyè jou. 

Selon pòt pawòl Lazarre ki tap depoze, responsab yo pran anpil gro dispozitif ki makònen ak ladrès ak sekirite pou konbat gang sangwen yo atravè Larepiblik. Anplis, ranfòseman sekirite yo deja ap pran jarèt, patikilyèman nan Kafou Ayewopò e latriye.

Share:

Leave a reply