Bandi sangwen asosyasyon kriminèl “Viv Ansanm” yo krible yon ti otobis anba yon rafal kout zam

12 – 04 – 2024
Pòtopwens, Ayiti______(TRiboLAND) Yon ti otobis resevwa yon lapli kout zam group gang sangwen “Viv Ansanm” yo jodi mèkredi 4 desanm 2024 la nan kapital Pòtopwens, toupre enprimri “Des Antilles” sou wout ayewopò a.
Enfòmasyon yo fè konnen ke machinn nan ki te genyen pasajè abò li, te apènn kite wout ki soti sou pis aterisaj la, lòske bandi san sal ke moun kapab idantifye, pat ezite simen bonjan rafàl kout zam sou veyikil la ki tap trese lèl.
Sepanda, otorite konsène poko jamè mete deyo bilan detaye sou zak bwiganday sila ke anpil temwen ta estime ki genyen mak fabwik asosyasyon malfektè ou kriminèl “Viv Ansanm” lan.