Pati politik EDE ap pèdi plim: plizyè Gran Toryan mache pòs yo

TRiboLAND.com
Demisyon rad mare anndan pati politik EDE a. Yon total 9 manm Gran Toryan ki fè pati komite Direksyon depatmantal Nòdès la fè yon kraze kite sa.
Pami manm demisyonè yo, ou jwen pwensipalman Mathieu Junior Kervicil ak plizyè lòt ki kraze yon kite sa ak EDE atravè yon lèt papye tenbre ke yo voye bay biwo pati a. Manm sila yo esplike ke se koz estrikti politik la kap benyen nan gro inkoyerans ki fè yo pa la ankò.
Konsa, manm demisyonè yo, tou pwofite fè pati EDE a konnen ke yo tou retire estati yo kòm manm egalman.
Se pa premye gro tèt ki mache pòs yo nan EDE. Selon yon seri revelasyon, anpil nan demisyon sila yo, genyen plis pou wè avèk yon konpòtman diktatoryàl, kote ke se sèl lide alatèt la ki sèl kòk chante.






