Djak sou djak! Yon lòt manm enfliyan ou poto mitan konstriksyon kanal Rivyè Masak la tonbe

714
12
Share:
TRiboLAND

11 – 03 – 2024

Wanament, Ayiti______(TRiboLAND) Lakwà antre pou yon lòt fwa ankò devan pòt komite konstriksyon kanal Rivyè Masak la, jodi dimanch 3 novanm 2024 la.

Enfòmasyon ki ta rive nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, konfime malerezman lanmò Emmanuel Charles alyas Manno ki tap lite depi yon bon bout tan anba maladi, ki jounen jodi a ki di planèt la babay.

Manno, tankou jan anpil moun ki tap frekante kanal la te toujou rele’l, te kòmanse ap yaya kò li aprè ke li pat gaya pou yon bon bout tan. Konsa, ti dènye jefò yo, se te pou di orevwa! Militan an ki kite yon anpwent patriyotik ki otantik ki djanm, mouri kite dèyè yon latriye manm fanmiy ak zanmi ou fanatik ki te kalifye li kòm youn pami pi gwo militan ki te detèmine pou reyalizasyon kanal ak fèmen fontyè ayisyano-dominiken an.

Nap raple, sa pa genyen lontan depi ke yon pwemye figi anblematik nan konstriksyon kanal Wanament lan, ki se Milourie Sylfrard, alyas “Fanm Kanal la”, mouri nan lanwit 11 pou leve 12 oktòb 2024 nan yon sikonstan nwaje.

Share:

12 comments

  1. Silienord wilma 4 November, 2024 at 13:30 Reply

    Pou mw menm sa fèm tris anpil paske Map panse poukisa se chak grenn mun kap goumen pou gnyn Yon changman nan peyi a kap mouri knsa.

  2. Lucien Claudin 4 November, 2024 at 17:43 Reply

    Lakwa antre Nan kanal Wanament l’an, mezanmi nan peyi Dayiti depi se moun kap fè yon efò pou ede peyi a sòti nan sa li ye la ,yo pap Viv Pou lontan paske gen anpil move je pami yo ,lè nap analize sa fè twazyèm moun ki tap goumen pou kanal la ki pèdi la vi yo

  3. Lucien Claudin 4 November, 2024 at 17:55 Reply

    Nan analiz ke nous fè nou dès an Ayiti sa yo rele devlopman se pa yon bagay ki fasil ,lè yon fanm vanyan tankou Milouri, yon potorik gason tankou Mtre Mannot se de moun ki te gen sousi ak sans responsabilite, Moun ki vrèman montre entilijans yo nan travay ke yo tap fè, mwen espere menmsi yo mouri men nou rete kòm yon ero Nan istwa kanal la nan petit Dayiti.

  4. Waldot Fleury 5 November, 2024 at 05:58 Reply

    M wè li trè inpòtan pou tout moun ki tap travay kif kif nan kanal la al konsilte yon doktè

    Fondation Triboland Maïssade

  5. Duverny kensley 5 November, 2024 at 18:54 Reply

    Mwen toujou ap mande Bondye pouki se moun ki itil ki toujou pa ansante ki ap pati kite tè sa
    Triboland la tortue montry

Leave a Reply to MILSAINT Eland Cancel reply