Pakè Pòtopwens defann moun pataje video kriminèl ou zak vyolans

321
2
Share:
TRiboLAND

11 – 01 – 2024

Pòtopwens, Ayiti______(TRiboLAND) Difize ou pataje yon video krim ou vyolans sou rezo sosyàl yo, se vyolasyon dwa lòt sitwayen. Sa reprezante yon menas egalman pou sekirite nasyonal peyi Dayiti, daprè pakèt Pòtopwens lan ki pran desizyon pou entèdi yon parèy pratik ki kapab genyen gro malè pandye ou sanksyon jiridik djanm kont tout annafè.

Pakè Pòtopwens deklare ke li plis ke pare pou aplike sanksyon kont tout moun ke yo rekonèt koupab nan difizyon ou fè pwomosyon video briganday ki genyen karakteristik kriminèl. Konsa, moun ki ap pratike zak malonèt sila yo, ap senpleman rete gade sèvis telefòn yo koupe e yo ap fè fas kare ak yon seri pouswit penal.

Pakè Pòtopwens lan rapouswiv pou li mande, itilizatè rezo sosyàl yo pou yo fè prèv moun ki responsab e vijilans nan sa ke yo ap boukante avèk lòt moun, pandan ke y’ap respekte atik 6 nan dekrè 21 novanm 1977 la, ki otorize Leta ayisyen “plen pouvwa” sou sèvis telekominikasyon yo.

Share:

2 comments

  1. MILSAINT Eland 2 November, 2024 at 20:36 Reply

    Se paske leta pap fè travay yo byen kifè medya yo gen aksè nenpòt ti bagy yo patajel sou rezo yo.

    Fondasyon TRiBoLAND Mont-organise

  2. Jeff BERNARD 2 November, 2024 at 22:19 Reply

    Pakè Pòtopwens lan rapouswiv pou li mande, itilizatè rezo sosyàl yo pou yo fè prèv moun ki responsab e vijilans nan sa ke yo ap boukante avèk lòt moun, pandan ke y’ap respekte atik 6 nan dekrè 21 novanm 1977 la, ki otorize Leta ayisyen “plen pouvwa” sou sèvis telekominikasyon yo.

    Fondation Triboland Mombin-Crochu

Leave a Reply to Jeff BERNARD Cancel reply