Woody Jean François enstale kòm nouvo prezidan nan tèt kòporasyon fonde pouvwa yo nan jiridiksyon Tigwav.

09 – 17 – 2024
Tigwav Ayiti ___(TRiboLAND) Woody Jean François enstale kòm nouvo prezidan nan tèt kòporasyon fonde pouvwa yo nan jiridiksyon Tigwav la. maten madi 17 septanm 2024 la. Seremoni enstalasyon sila a te dewoule an prezans divès gwo chabrak fonde pouvwa yo, jij depè yo, pèsonèl yo nan tribinal la ak manm nan sosyete sivil la.
Nouvo prezidan kòporasyon an, Woody Jean François, nan diskou li nan sikonstans lan, li pwomèt kòlèg fonde pouvwa li yo, li pral travay ansanm ak ekip la pou’l kapab rive defan’n yo epi pèmèt kòporasyon an avanse pou pi douvan. Prezidan Woody Jean François remèsye tout manm komite a ki te mete tèt yo ansanm pou òganize eleksyon pou enstale yon nouvo komite nan tèt kòporasyon fonde pouvwa yo nan jiridiksyon Tigwav la.
Toutfwa, aktyèl prezidan kòporasyon jiridiksyon Tigwav la, Woody Jean François pa manke mo pou l kriitike epi kondane konpòtman komisè gouvènmen pakè Tigwav la, Mèt Pierre Elioth Paul li di ki te kanpe ankwa pou anpeche enstalasyon yon nouvo komite nan tèt kòporasyon an.







Bon travail
Tribolend port de paix MST
bnsr fanmiy triboland
triboland latoti fonkiye
Ou gen travay nan men w wi dirijan.
Triboland Mombin-Crochu
Organize n poun ka sove peyi dayiti
Triboland latòti fonkiyèz
Bonjou fanmiy triboland
Triboland latòti fonkiyèz
Mwen mèsi a media triboland pou tout bon enfo l yo
Triboland latòti fonkiyèz