Lidè Pitit Desalinn nan menase pou chire chèk an blan yo te bay PM Garry Conille an.

644
14
Share:
TRiboLAND

08 – 25 – 2024

Kap-Ayisyen, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yo gro sòlòkòtò popilè yè jedi 22 dawout  2024 la, ki te reyini yon foul moun enpresyonan nan dezyèm vil peyia, Okap Ayisyen, lidè pati politik Pitit Desalinn nan, ansyen senatè Moise Jean-Charles menase pou mete fen nan maryàj makrèl ki te mare responsab groupman politik la ak PM Garry Conille.

Devan yon foul moun ki te fè djapòt, lidè Pitit Desalinn nan voye yon pinga seren bay PM Conille, kote li avèti li ke byen pre pa lakay. Baton ki bat chyen blan an, se li menm k’ap bat chyen nwa a. “Nou te ba li yon chèk blan ki te plis chita sou demakaj san premye jou gouvènman an fas ak diferan trè pwoblematik peyi a, patikilyèman chanjman espere nan biwo leta yo”.

Sekretè jeneral PD a deklare, si PM Garry Conille pa pran men li, yo riske dechire chèk an blan an pak anpak e li konte fè fas kare ak yon rafal bouskilad pwotestasyon mouvman politik bò kote Pitit Desalinn atravè peyia. Pitit depatman Nò peyia, Moise Jean Charles konfime ke li pa wè klè nan sa ke gouvènman Conille la ap renmèt la: ensekirite a ap deteryore, malere yo pa kapab manje, ti mamit diri a pa desann e menm chanjman popilasyon an tee spere nan bwàt leta yo pa materialize.

Selon senatè Moise, yo fè yon seri manèv filalang ak gro tonton magogo lajan pou divize li menm ak popilasyon an. ‘Pitit Desalinn pa aji tankou moun fou, nou poze tèt frèt! Pèp ayisyen ap mande sèlman 3 bagay: se lapè, sekirite ak yon Konsèy Elektoral ki pou òganize eleksyon nan peyia.

Nan yon anbyans san presedan, sou yon podyòm ki erije devan yon foul enpekab, Moise Jean Charles reyitere yon lòt fwa ankò, lanmou li pou pèp ayisyen an ki pat manke lanse sou li gro kout toya ayibobo chak fwa li lage yon bonm lapawoli.



Share:

14 comments

  1. Augustin. Suzanne 26 August, 2024 at 02:47 Reply

    Mw patap tann anyn. Nan m’en konséy sa , sitou lém wé jan yo te enstale , te gntan genyn vokasyon lwa depi lé pou yo te structure , yo pat ka antann yo pou yo te bay Yon sel Moun prezidan konséy la , yo obligé bay chak fé Yon ti kou jis pou yo plen poch yo épi pou yo ale , kisa Gary koniy te ye ? Se Yonn nan Moun ki tap benyn nan koripsyon , se pat Yon egzanplè m’en Jodi a li PM nan peyi dayiti donk yo te konnen l patap vin règle anyn se pa Jodi a pou reprezantan pitit desalin nan ap plenyen yo tout koupab.

  2. Augustin. Suzanne 26 August, 2024 at 02:50 Reply

    Mw patap tann anyn. Nan m’en konséy sa , sitou lém wé jan yo te enstale , te gntan genyn vyolasyon lwa depi lé pou yo te structure , yo pat ka antann yo pou yo te bay Yon sel Moun prezidan konséy la , yo obligé bay chak fé Yon ti kou jis pou yo plen poch yo épi pou yo ale , kisa Gary koniy te ye ? Se Yonn nan Moun ki tap benyn nan koripsyon , se pat Yon egzanplè m’en Jodi a li PM nan peyi dayiti donk yo te konnen l patap vin règle anyn se pa Jodi a pou reprezantan pitit desalin nan ap plenyen yo tout koupab.

  3. Augustin. Suzanne 26 August, 2024 at 02:57 Reply

    Sa pa sekré pou kenn Moun , koniy pat Yon Moun kite dwat nan peyi a , Jodi a li premye minis , nan konprann sa sa vle Di. Donk se Yon peye kap benyenl nan koripsyon , enjerans , movèz gouvénans et sel bondye ki pou Di Yon bagay pou peyi sa pask li ka fé Yon travay pou chanje mentalité Moun kap dirije yo, se pa Moun ki dwat yo ki gn chans pou dirije se Yon paket volé mouche blan mete pou piye riches peyi a . Mw pa gn anyen mw tap tann de Conille .

  4. Augustin. Suzanne 26 August, 2024 at 02:58 Reply

    Mw vreman dezole pou peyi sa kite rele
    **perle des antilles **!
    Mw panse Moun sa yo tap pwan Yon ti kal konsyans a5o pou kite peyi a fè chimenl .

Leave a Reply to Augustin. Suzanne Cancel reply