Barbecue rele Lapolis pou vinn pran Obed Joseph, anpil moun sispèk se yon simagri

264

11\04\2020

Pòtoprens____Aprè manda koukouwouj pote vini ”Direction Centrale de la Police Judiciaire,” DCPJ te lage dèyè prezime asasen Evelyne Sincère, etidyan lise ke bandi kidnape, vyole, asasinen e dezumanize sou pil fatra, Barbecue, chèf “G-9 fanmiy ak alye, manyen youn manyen tout,” ki ta sanble genyen anpil pou wè avèv krim nan, lage yon video manipilasyon pou lage latroublay yon fason pou elimine patisipasyon G-9 nan dosye a.

Pou divès moun se yon senaryo yon fason pou ankèt yo ta fini inikman sou Obed Joseph ke yo tap chèche tankou chyen fou. Video chèf kriminèl la pou anpil moun deja montre aklè ke se “teyàt kap jwe” pou anpeche yo pouswiv plis koupab, daprè yon pakèt kòmantè sou rezo sosyàl yo ki sispèk yon evantyèl antant ant Barbecue avèk Obèd pou li asèpte mete tout responsabilite krim asasinay la sou tèt li san li pa devwale pèsòn moun; konsa, an echanj y’ap arive mete l deyò nan deran sa.

Antouka, chèf G-9 la ak lapolis la ki pa sispan proteje e menm travay ansanm ak nan tèt kole avèk gouvènman Jovenel Moise la, se pwason kraze nan bouyon!

Comments are closed.