Blòk pwogresis opozisyon an plede an favè yon lòt akò politik ki pou debouche sou yon chwa prezidansyèl nan Lakou Kasasyon

305
3
Share:
TRiboLAND

08 – 06 – 2024

Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Blòk Progresis Opozisyon an plede an favè yon lòt akò politik kap pèmèt nou ale nan Lakou Kasasyon pou chwa prezidansyèl. Daprè pòt pawòl Blòk Progresis la, Elian Wilner ki deklare ke Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an echwe; li estime mesye yo deja depatcha akò 3 avril la nan espas 4 mwa sèlman depi li egziste.

Nan yon nòt yo mete deyò, yo konfime ke yo pa rekonèt Konsèy Prezidansyèl Tou Debabèl sa. Nan moman konferans pou laprès yo tap bay la, yo vini ak foto manm Konsèy Prezidansyèl yo ki make anba yo RIP. Mesyedam sa yo ki al koubi kò yo nan Villa d’Accueil pap aplike sa la lwa di, alevwa pou yo ta fè aplike la lwa. Objektif mesye yo se anrichi tèt yo, ak akolit yo nan malè peyia.

“Moman rive pou chita nan yon veritab dyalòg, pou nou gade ansanm ki direksyon nap pran ak peyia, daprè responsab Blòk Progresis yo ki ta sanble deja chante fineray akò 03 avril la.

Pòt pawòl Blòk Progresis la fini pou di, pa gen tèritwa pèdi nan peyia, men pito gen tèritwa livre, abandone, izole sou konplisite Leta. Tout sa kap fèt yo se paske yo nan enterè Leta ki fè yo pa kanpe kalite krim ak deriv sa yo.

Share:

3 comments

Leave a Reply to Renard odlanda Cancel reply