Mouvman Point Final denonse mòd fonksyonman konpayi Telefòn yo nan peyi Dayiti.

07 – 06 – 2024
Pòtoprens, Ayiti ______(TRiboLAND) Mouvman Point Final pa manke mo pou denonse mòd fonksyonman konpayi telefòn mobil yo nan peyi Dayiti, espesyalman Digicel.
Mouvman Point Final lonje dwat jouda sou konpayi lòbèy la, Digicel, kap fonksyone dèdo lalwa epi lap founi popilasyon an, move kalite sèvis pandan leta ayisyen pa fè absoliman anyen kont krim konpayi sila ap komèt nan kase ponyèt malere anndan peyi Dayiti chak jou ki jou.
Konpayi lòbèy la ki deside ogmante pri sèvis li yo, san sipèvizyon Leta a, san enfòme asosyasyon konsomatè ayisyen yo, san yo pa avize popilasyon an. Pou anpil viktim, Leta koupyon an atravè Konatel, ta fè tèt li konplis e ap patoje nan fwote moustach ak Digicel pou fèmen je’l sou kòripsyon ak enpinite konpayi a.
Toutfwa, Mouvman Point Final mande leta ayisyen atravè Konatèl pou fè yon odit san fòs kote sou fonksyonman tout konpayi telefòn mobil nan peyi a, espesyalman Digicel kap fè pèp ayisyen an, moute yon ma swife chak jou ki jou.






