Peyi Dayiti sou menas yon ouragan kategori 5, responsab pwoteksyon sivil yo mande popilasyon an rete vijilan

804

07 – 02 – 2024

Pòtoprens, Ayiti ______(TRiboLAND) Béryl ap vanse sou peyi Dayiti, responsab pwoteksyon sivil yo mande popilasyon an rete vijilan ak mete an plas tout sa ki kabap pwoteje yo, epi tande konsiy otorite yo.

Daprè previzyon metewolojik yo, Béryl kapab pase sou fòm ouragan kategori 5. Li deja sakaje divès peyi nan rejyon Karayib la; selon previzyon yo, kapab gen anpil lapli, gwo van ak loray sou plizyè depatman nan peyia, tankou : Sid, Sidès ak Grandans.

Responsab pwoteksyon yo mande tout popilasyon an fè anpil pridans ak ouragan sa kap rive sou peyia aswè madi 02 jiyè a pou leve mèkredi. Prekosyon pa kapon, se mèt kò ki veye kò.

Comments are closed.