Direktè ONI an denonse rezo malonèt k’ap rache ponyèt sitwayen yo pou retire Kat Idantifikasyon Nasyonal yo.

210
0
Share:
TRiboLAND


06 – 20 – 2024

Pòtoprens, Ayiti__(TRiboLAND) Direktè Ofis Nasyonal Idantifikasyon an, Reynold Guerrier, denonse jounen jedi 20 jen 2024 la zak malonèt rezo mafya k’ap mande pou kèk sitwayen peye kòb pou retire Kat Idantifikasyon Nasyonal yo.

” Ou pa gen pou peye yon goud, pou retire Kat elektoral ou”, se deklarasyon direktè jeneral la fè jounen jedi 20 jen an pandan li t’ap patisipe nan yon emisyon sou Radyo Magic 9 nan Pòtoprens.

Pou ede konbat seri zak malonèt sa yo, direktè jeneral la, Reynold Guerrier mande ak sitwayen ki viktim yo pote plent, paske dapwè li sa ap kapab ede yo kraze rezo eskanmòtè k’ap komèt zak malonèt sa yo.

Share:

Leave a reply