Sistèm Misil Defans Tèritoryàl an montre ke Etazini gen kontwòl menas MBIC selon tès baraj yo

0 373

03-26-2019

WACHENTONN__(Triboland) Tès Sistèm Misil Defans Tèritwa Etazini an montre nan yon fason istorikman ke militè ameriken gen kontwòl menas malè pandye MBIC (Misil Balistik Intè Kontinantal) yo. Nan yon premye tès baraj ki fèt jodi-a, Ajans Misil Defans Etazini an gen gwo kontantman pou siksè premye tès baraj yo ki fèt kont menas misil intè Kontinantal yo, selon yon nòt ki soti anndan ajans la.

Dènye tès AMD te fè pou rasire-l ke sistèm Defans Misil Kous Mwayen SOL-AIR a Haut Entèsepsyon  kont menas MBIK yo te fèt nan mwa Me 2017. Selon expè militè ameriken yo, tès parekou sa voye yon gwo mesaj klè bay peyi Kore Dinò.

Nan tan sa tou, Dirèktè ajans lan kontinye pou-l di ke ajans lan te gen pou li te lanse yon lòt fwa ankò yon lòt tès baraj ki pi konplike avèk 2 entèsèptè tèrès kont MBIK paske lanse 2 entèsèptè kont yon tagèt sa pi reyalis sou plan operasyonèl e li enpòtan pou efikasite tout sistèm nan.

MBIK tagèt la te lanse depi Tès lokasyon Reagan nan Kwajalein Atoll sou zile Marshall yo, ki plis pase 4,000 kilomèt distans ak ensèptè parekou yo kite plase anba tè nan Baz Militè Vandenberg nan Kalifònya.

Photo Credit: US Missile Defense Agency

Leave A Reply